Select language:
 
Projects

Get Covered- Kreyòl (Creole)

Pran yon Asirans Sante

NJ FamilyCare se yon resous enpòtan pou ede ou konsève aksè ak swen sante wap gen bezwen. Trenton Health Team  prezan pou li gide w pandan tout pwosesis la, kèlkeswa wap chèche renouvle oswa wap chèche enskri nan yon asirans.

Cover all kids se yon inisyativ ki la pou tout  timoun ki gen mwens 19 lane ki pa gen asirans epi ki elijib nan revni nan New Jersey. Fanmi yo, paran yo ak moun ki responsab yo ka aplike pou avantaj NJ FamilyCare (Medicaid) pou timoun yo, kèlkeswa sitiyasyon yo nan koze imigrasyon.

Founisè ak òganizasyon patenè yo- klike la

Ou bezwen èd pou w ka aplike?

Yon ajan sante kominotè THT pral kontakte w pou gide w pandan tout pwosesis la pandan wap itilize metòd ou pi renmen pou kontakte nou an. Gen sèvis nan plizyè lang ki disponib. Nap kapab reponn tou ak tout kesyon ou yo. Ranpli Fòmilè Google sila a pou yo ka kontakte ou.

NJ FamilyCare Revalorizasyon

Si ou te gentan enskri nan avantaj NJ Family care Medicaid, pwosesis revalorizasyon an komanse, sa ki vle di ke ou dwe ranpli dosye renouvèlman elijibilite w.

Nan avril 2023, NJ FamilyCare rekòmanse ak renouvèlman elijibilite yo aprè yo te kanpe sa akoz  ijans sante piblik COVID-19. Sa vle di NJ FamilyCare redetèmine aktyèlman elijibilite plis ke 2 milyon manm NJ FamilyCare. Moun ki pa reponn ak mesaj ki gen rapò ak elijibilite yo gen risk pou yo pa admisib ankò ak NJ FamilyCare epi pèdi avantaj Medicaid yo. Verifye bwat postal nou! Depi w finn resevwa dosye ou a, nou envite w ranpli li epi voyel tounen ba nou, menm sil ta. 

Ou poko resevwa anyen? Rele nan 1-800-701-0710 (TTY: 711) pou w ka asire w ke se bon adrès ou  ki nan dosye w la.

Pou Patenè nou yo

Wap jwenn pi ba a afich ak imaj wap ka pataje ak kliyan ou yo oswa ak rezo ou. Nou envite w rejwenn nou pou fè mesaj la pase nan fason sa:

  • Pibliye sou rezo sosyal yo pandan w ap itilize afich nou yo ak bwat zouti nou pou rezo sosyal, ak egzanp piblikasyon.
  • Pataje tout afich  ak dokiman yo lè gen evenman, reyinyon oswa angajman kominotè. Ou bezwen afich ki enprime? kontakte Trenton Health Team nan getcovered@trentonhealthteam.org  pou mande livrezon afich ki enprime nan biwo w.
  • Ou bezwen yon  prezantasyon Cover All Kids? Kontakte Trenton Health Team nan getcovered@trentonhealthteam.org pou w ka pale ak yon manm pèsonèl la pou planifikasyon yon prezantasyon pou òganizasyon ou an, manm pèsonèl yo oswa kliyan yo..

Enprime

Share:

 

Kontakte nou:

Demand Asistans

[email protected]

609-422-5201